Uncategorized

Princess Eud ( creole version )

M kwe ke en Ayiti gen anpil Bon atis c juske nou pa bayo valè. M pat konnen kiyes princess Eud ye juska keske m tande li. Ti sèm dim konsa c youn atis ke li Renmen anpil. Ke li gen youn style ke li remenm. Mesi pou inspiration ou bay Jenès la .

image

Kiyes ki Eunide Edouarin ?

Eunide Edouarin son fanm ki senp, ki cool, renmen Souri, renmen Moun, yon fanm ki poze

Koman ou fe pou chwazi nom atis ou? Kisa ki inspire nom an?

Mwen te nan yon group kite Rele Skepaz, yon jou nou tap fon reunion epi tout Moun tap bay non atis yo, lè yo mandem ki non atis Mwen mpat gen okenn non, gen youn nan rape yo ki tele 35 ki te la, Li mandem kijan Mwen Rele, mdil Eunide, Li di’m ebyen ok nap relew Eud, e Se yon lot rapè ki Rele Izi-one ki ajoute Princess la nan Eud la

Poukisa ou gen dreadlock ? Eske sa vle di yon bagay pou ou pesonelman?

I love being natural, e mte toujou gen anpil respè ak lanmou pou styl cheveu Sa donk Se sak fè Mwen fè dread, avek Le tan Li vi’n reprezante anpil bagay pou Mwen, ak dread yo Mwen vreman aprann kisa yo Rele pasyans lan

Poukisa ou deside ou vinn rapè? Koman tout bagay te komannse ?

Mwen te fè konektyon ak yon atis ki te touchem jouk nan nanm mwen, mte gen rèv poum kwaze avel, donk Mpanse si mte nan menm domèn avel Sa tap pi fasil, donk Se Sa ki pousem rap, men rap Se genre musical ke mtap toujou chwazi menm si Lauryn hill pat enspirem, paske nan rap mvreman gen yon libetè depresyon, Mwen ka denonse tout Sa ki pa Bon nan sosyete a avek raj e plis konviktyon, mpa kwe okenn lòt styl tap ka banm aksè Sa

Eske ou pat pè pou moun pas pran ou pou “nimpot” moun ? Paske ou konnen en Haiti moun yo asosye rap la ak negatif?non Sa pat fèm peu, koz pozitivite pi fò ke la perèz, depi OU la pou chanjman, pou Sa ki Bon, OU paka pè


Mwen li yon kote ke ou leve nan legliz, eske chwa karyè ou pat deranje relasyon ou menm avèk paran’w?

yes Mwen leve nan legliz e Mwen toujou ale legliz defwa, Avan paran mpat konprann Sa Mwen tap fè yon te on ti Jan peu pou Mwen, men lè Mwen vi’n mete yon an konfyans e yo wè Se bagay pozitif map fè, yo pa panike yo kitem fè travay Mwen

image

Ki diferans entre Legliz ak rap. Ou konnen Se de Mond differan.Koman ou fè pou tt 2 mache San derange ou?

yo pa vreman yon gro diferans janw panse a, nan legliz Se bagay pozitif yo pale, Se menm travay la Mwen kontinye ap fè nan mizik Mwen tou, lan Se ke Mwen pale ak plis Moun ke legliz yo ap kritike a ke legliz yo juje yo sou fason yo abiye Sa yo pakonn Sa ki nan kè yo… Bondye toujou yon gro bagay nan la vim men pa legliz, Le Mwen grandi Mwen evite tout Sa ki gen rapo ak religion, Mwen vle vi’n plis spirituel

Ki pi gwo leson ou apran depi ou komanse?

Rete humble Se tt bagay !

Koman ou fe pou pas kite karyè ou nwi lavi o foyer ou ? Paske Travay sa a ou fè a Mande anpil bagay, sur tout voyaje.

fanmim vini avan e tout lot bagay yo vini aprè, men Mwen jere Sa ase byen, Mwen toujou kreye tan pou fanmim, e tan pou travay Mwen, mpa melanje anyen.Well I’m not gonna lie, I LOVE traveling 😍

Mwen konnen ke ou vizite anpil payi, kiyes nan yo ki make ou plis ?

my fave one is Cuba, yes Mwen enjoy vwayaje anpil, pou Mwen se yon etènèl aprantisaj, mtoujou dekouvri yon bagay nan Chak peyi Mwen ale, Mwen renmen obsève Le Mwen rive nan yon nouvo peyi!

Kisa ki fè ou deside pou gen pwop “clothing lines” ou? Ki vizion ou pou li? ( Mwen absolutely adore your clothing line)!

Mwen deside fè Sa paske Mwen renmen mòd anpil, Mwen ta renmen Eudcollection tounen yon gro mak tankou tout lòt mak ki ekziste yo, poum fè pale de peyim tout kote.Oh thank you 😊

Mwen panse tout sa youn fe nan lavi a Se Paske yo Renmen li. Kisa ki te inspiration ou pou fe li ( clothing line) ?? Eske ou gen pou fanm Ak curve yo ?

Mwen leve nan fanmi kote tout Moun yo Se Sa yo fè kom metye, manmanm te fè rad maryaj Li pou kol donk ti rat pa fet San ke lol

Mwen te anvi mete yon ti sèl nan kilti nou, paske mwwn we Se Selman lè gen yon evenman moun yo met rad karabela donk mte vle metel plis an valè e rekonekte nou ak kilti zanzèt nou yo tou, fok nou pa bliye kote nou soti…jis kounia gen Moun ki pa vle wè twal karabela ak twal afriken, yo di Se bagay djab, men podyab nou hm!And yes I have for curvy women 😁👌🏾

Le ou ap fè album ou, Kisa ou fè pou jwenn inspiration ? Koman ou procede a sa ?

Fè yon album solo Sa Mande anpil konsantratyon, fok Mwen fè rechech, tande anpil mizik, konnen de ki Sa Mwen vle pale, ki direst yon map bay album nan, cheche Moun ki pou patisipe avem sou album nan.Enspiration’m vini de Sa map viv, Sa kap pase de an je’m, nan sosyetem, nan mond lan an jeneral

Kisa de patikilie ou Cheche Kay youn lot atis pou deside Travay Ak li ?

Sa ki fe’m deside kolabore ak yon atis, premye bagay la Se talan li! Apre tout res bagay yo Se detay.Art is all about talent!

Ki mesaj ou a nimpot fi ki bezwen rive nan milye hip hop la an Ayiti ?

mete yo djanm epi fè Sa yo di ke fanm paka fè a, demanti yo, pwouve yo nou egal, mete anpil disiplin nan lavi nou!


Mwen kwè ke route ki mennen a siksè pa fasil. Eske ou konn gen moman kote ou anvi bay vag?

anyen pa fasil sou tè Sa, e tout tan nap viv negativite a ap eseye fè nou wè ke nou pabon ase, Mwen lè moman Sa yo rive Mwen fè silans epi mkitel pase.
Se tout tan Mwen anvi bay vag sou anpil bagay, men map kontinye goumen toujou depi Bondye banm fòs ak kouraj!

Konsey ou a nimpot moun ki bezwen realize rev li ?

Rete konsistan, rete focus !

Mesag ou a Jen fi nou yo .

renmen Tèt yo avan yo renmen Ti menaj yo pou yo pa fè yo fè tenten, lanmou Se yon bèl bagay, men si OU pa jerel ak Tèt OU avan Sa ka tris anpil pou yon jeun fi.Kenbe lekol nou rèd, respekte Tèt nou!

Mwen li yon Kote ke ou di Ou pa FEMINIST , poukisa ?

Mwen kwè nan egalite donk egalite a paka map defann yon pati e mpap defann lòt pati a, Mpanse ni fanm ni gason nan mond Sa bezwen respè, yo bezwen lanmou…si map Mande egalite mpaka vle defann on sèl koz…Se pa fanm, Se pa gason kap chanje mond lan, Se nou tout 2 ki pou met Tèt nou ansanm poun defann Sa nap defann nan!

3 top atis ou nan moman sa a ?

mpagen 3 top, mrenmen tout atis ayisyen kap fè yon bagay ki pozitif pou Voye peyi nou pi wo!

Dim de bagy ke fan ou yo pap tap de ou

Mwen pa gen anpil zanmi, et ke Mwen renmen rete lakay 😬😀

Si yon moun Mande ou ki Kote ou we tet ou nan 5 an, Kisa wap di? Eske pas gen anyen ou Espere realize?

Mwen we tet Mwen tt Kote a travè le Mond ap vwayage, ak music , et clothing line Mwen. 😊🙌🏾

Eske pas gen okun chans pou ke Princess Eud ouvè youn restoran? Paske Mwen li youn Kote ke ou renmen fe mange.

Mwen vreman gen entansyon ouvri yon bar, mpat panse ak restoran an, men OU pa janm konnen!

Ou pas gen anyen ke wap travay sou li nan moman sa a ?

yes I’m doing something else, but I don’t wanna talk about it for now…lè Li preske pare ma devwale kisal ye

Ki Denye mesaj ou a lektè yo konsèna Ayiti, lavi an jeneral, etc?

Mwen vle yo konnen nou gen anpil pwoblem an ayiti vre men Se pa tout vi a Sa, nou chaje ak bèl bagay tou, nou gen yon culture ki très rich, nou gen anpil bèl plaj, Bon manje pou yo dekouvri, pase fè yon kout pye an ayiti na wè pou Tèt nou 😊.

image

Bon map di Youn gro mesi a Princess Eud pou interview a . Se avek youn plezi kem te  Travay sou li. Si nou vle Rete konekte Ak li. Instagram: @princesseud. Website : http://www.princesseud.com

xoxo,

Lady Sergine 🌹💋

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.